Ti Tèt Zen News

Ti Tèt Zen News Tout nouvèl Bon nouvèl
(5)

Yon bon papa yon responsable Yon bon ayisyen Mpap di plis
08/26/2026

Yon bon papa yon responsable Yon bon ayisyen
Mpap di plis

Sa se lew ap travay di wi Merci pour cet honneur.
08/24/2026

Sa se lew ap travay di wi
Merci pour cet honneur.

08/23/2026
23 dawou 2022- 23 dawou 20264 lane konba ,4 lane vitkwaNan okazyon katriyèm anivèsè li, Asosyasyon Jèn Pwogresis pou Dev...
08/23/2026

23 dawou 2022- 23 dawou 2026
4 lane konba ,4 lane vitkwa

Nan okazyon katriyèm anivèsè li, Asosyasyon Jèn Pwogresis pou Devlopman Kominote Ayisyen an (AJPDECH) renouvle angajman li pou mete jèn yo, kilti ak devlopman kominotè nan mitan priyorite li yo.
Sou tèm « Yon lòt mantalite pou yon lòt kominote », asosyasyon an vle kontinye fòme, sansibilize epi ankouraje jèn yo patisipe aktivman nan lavi kominote a. Pou AJPDECH, jèn yo se youn nan pi gwo fòs ki kapab pote chanjman ak espwa pou peyi a.
Prezidan AJPDECH la, Jacky Mervil, deklare li kwè toutbon li posib pou fè jèn ayisyen yo tounen yon modèl reyisit, depi yo jwenn fòmasyon, ankadreman ak espas pou yo eksprime talan yo epi pran responsabilite yo.
Pou Fabie Jusmond Saint Val, manm asosyasyon an, anivèsè sa a se yon lòt okazyon pou li renouvle angajman yon minorite jèn pwogresis ki kwè nan kapasite jèn yo e ki pare pou pote kontribisyon pa yo nan konstriksyon yon pi bon peyi.
Apre kat ane angajman, AJPDECH vle kontinye kenbe menm direksyon an : mete jènès la ak kilti nan mitan fòs k ap transfòme kominote a epi prepare yon pi bon avni pou Ayiti, se nan okazyon sa jodia y'ap klotire yon tounwa foutbòl kategori 13 lane nan teren kiskeya a.

*Lekòl dwe retounen lekòl : pwopriyetè yo bezwen reprann espas yo, men san konfli* Jounen madi 18 dawout la, nan kek jou...
08/18/2026

*Lekòl dwe retounen lekòl : pwopriyetè yo bezwen reprann espas yo, men san konfli*

Jounen madi 18 dawout la, nan kek jou anko se pral reouvèti klas yo , yon sitiyasyon delika ap devlope nan kèk espas prive nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan, kote fanmi ki deplase akoz ensekirite jwenn abri tanporè.
Pwopriyetè kèk nan espas sa yo, sitou etablisman lekòl yo, bezwen reprann kontwòl lokal yo pou lekòl yo kapab retounen fonksyone nòmalman epi pou timoun yo jwenn yon anviwònman ki apwopriye pou rekòmanse ane akademik la.
Sepandan, rekiperasyon espas sa yo dwe fèt nan dyalòg, respè ak responsabilite, pou evite nenpòt ekspilsyon brital oswa konfwontasyon ant pwopriyetè yo ak moun ki deplase yo.
Nan sans sa a, Ministè Afè Sosyal ak Travay (MAST), Direksyon Pwoteksyon Sivil (DPC), otorite lokal yo ansanm ak lòt enstitisyon konsène yo dwe aji prese prese pou fasilite yon solisyon ki ka pèmèt pwopriyetè yo reprann espas yo, pandan y ap chèche lòt posiblite pou fanmi ki bezwen abri yo.
Lekòl se espas timoun yo pou aprann. Kan se solisyon ijans pou moun ki pèdi kay yo. Li enpòtan pou Leta ak tout aktè konsène yo travay ansanm pou chak pwoblèm jwenn plas li, san tansyon ni konfwontasyon.
Peyi a bezwen lòd, dyalòg ak solidarite. Anvan lekòl louvri, li lè pou tout moun pran responsablite yo pou timoun yo kapab retounen lekòl nan diyite ak sekirite.

"Catalpa sou vibrasyon foutbòl U13 ak AJPDECH" RTVZ rapòte ke Asosyasyon Jèn Pwogresis pou Devlopman Kominote Ayisyèn (A...
08/15/2026

"Catalpa sou vibrasyon foutbòl U13 ak AJPDECH"

RTVZ rapòte ke Asosyasyon Jèn Pwogresis pou Devlopman Kominote Ayisyèn (AJPDECH) mete jenès la nan sant aktivite li yo atravè yon tounwa foutbòl U13 ki fèt nan pak Chapelle Kiskeya, Catalpa #5.Evènman an te rasanble gwo figi nan domèn espò ak jenès, tankou Minis Jenès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC), Pythagore Dumas,ansanm ak ansyen vedèt foutbòl ayisyen Jean Roland Dartiguenave ak Bruny Pierre Richard, ki se tou manm AJPDECH.Nan rezilta yo, A.S. Sarthe rive pran plas li nan final la, pandan Fondaps te ofri yon match ki make memwa fanatik yo ak yon viktwa 5-4 sou Akadémie.Prezidan AJPDECH te deklare nan mikwo Ti tèt Zen News ke li fyè dèske òganizasyon an ap kontribye nan pwomosyon ak epanouyisman jèn talan ayisyen atravè espò, e li konsidere sa kòm yon premye etap enpòtan pou jenès la.

RENTRÉ A SOU TANSYON : PRI GAZ MONTE, ENSEKIRITE A PA BAY LAVIDimanch 9 out 2026, Pandan fanmi yo ap prepare pou rantre ...
08/10/2026

RENTRÉ A SOU TANSYON : PRI GAZ MONTE, ENSEKIRITE A PA BAY LAVI

Dimanch 9 out 2026, Pandan fanmi yo ap prepare pou rantre lekòl la, yon nouvo desizyon gouvènman Alix Didier Fils-Aimé la vin mete plis presyon sou lavi popilasyon an : ogmantasyon pri pwodwi petwòl yo.
Mezi sa a, ki anonse dimanch sa a, rive nan yon moman kote peyi a deja ap fè fas ak yon ensekirite k ap grandi chak jou. Paran yo ak pwofesè yo pè pou rantre lekòl la pa vin pi difisil toujou, sitou ak ogmantasyon pri transpò ak materyèl lekòl yo ki kapab peze lou sou bidjè fanmi ki deja frajil.
Nan lari yo, kolè a ap monte. Chofè transpò piblik yo denonse ogmantasyon pri gaz la, paske yo estime li kapab lakoz pri transpò yo ogmante tou. Yon sitiyasyon ki ta ka rann aksè elèv yo ak lekòl yo pi difisil.
Pandanstan, ensekirite a kontinye mete gwo limit sou libète moun pou sikile. Menas ak vyolans k ap pèsiste yo ap ogmante enkyetid paran yo, ki deja ap mande tèt yo kijan pou yo voye pitit yo lekòl san yo pa mete lavi yo an danje.
Rantre lekòl la, ki ta dwe yon moman espwa ak renouvèlman, sanble ap pran yon lòt koulè ane sa a : laperèz, enkyetid ak difikilte ekonomik.
Fanmi ayisyen yo ap fè fas ak yon doub defi : pwoteje timoun yo nan yon peyi kote ensekirite ap vale teren, pandan y ap eseye peye depans lekòl ak lavi chak jou ki pa sispann ogmante.

08/07/2026

Ayiti se premye peyi nan karayib la ki patisipe nan Socca

08/07/2026

Ayiti nan mondyal

Address

Ruelle Dessaline
Port Au Port, NL
PARIS

Telephone

+50933942009

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Ti Tèt Zen News posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share